Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 19:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Prèt la va fè ekspiyasyon pou li avèk belye ofrann koupab la devan SENYÈ a pou peche ke li te fè a, e selon peche ke li te fè a, li va vin padone.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Prèt la va pran belye mouton an, l'a fè sèvis pou l mande Bondye gras pou peche li te fè a epi Bondye va padonnen l sa.

Gade chapit la Kopi




Levitik 19:22
7 Referans Kwoze  

Gason an va pote ofrann koupab li devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a; yon belye pou ofrann koupab la.


“‘Lè nou antre nan peyi sa a, e plante tout kalite bwa pou manje, alò, nou va kontwole premye fwi pa yo kòm entèdi. Pandan twazan, li va entèdi a nou menm. Li p ap pou manje.


Li va osi fè avèk towo a menm bagay li te fè avèk towo ofrann peche a; se konsa li va fè avè l. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou yo, e yo va vin padone.


Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone.


Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone.


Answit, li va retire tout grès li, menm jan grès jenn mouton an te retire nan sakrifis ofrann lapè yo, epi prèt la va ofri yo nan lafimen bay SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche li, sa ke li te komèt la, e li va vin padone.


“‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite