Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 18:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo.

Gade chapit la Kopi




Levitik 18:8
10 Referans Kwoze  

Anverite gen rapò ke gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.


“‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo.


‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.


Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l.


Sila yo k ap foule tèt a malere a, jis pou l rive nan pousyè, k ap refi bay jistis a oprimen an. Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan pou yo ka pwofane non sen Mwen an.


San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye; akoz ke ou te monte sou kabann papa ou, epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen.


Nan ou, yo te dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo.


Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—


“Nanpwen pèsòn avèk boul grenn li kraze oswa koupe ki va antre nan asanble SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite