Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 18:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.

Gade chapit la Kopi




Levitik 18:4
15 Referans Kwoze  

pou yo te kab kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo. Louwe SENYÈ a!


Ou te òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.


Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Mache nan règleman Mwen yo e swiv òdonans Mwen yo pou fè yo.


Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.


“‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo.


“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo


Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.


“‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf. Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn; Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.


“‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’”


“‘Konsa, nou gen pou kenbe tout règleman ak tout òdonans Mwen yo e fè yo, pou peyi kote M ap mennen nou pou viv la, pa krache mete nou deyò.


Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.


“Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.


“Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite