Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 18:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pèsonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fè okenn nan bagay mwen pa vle wè yo.

Gade chapit la Kopi




Levitik 18:26
16 Referans Kwoze  

Te gen osi gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.


“‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’


“Epi ou va di yo: ‘Nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami nou yo, ki ofri yon ofrann brile oswa yon sakrifis,


Paske peyi a gen tan vin konwonpi. Pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò.


(paske moun peyi a ki te devan nou yo, te fè tout abominasyon sa yo, e peyi a te vin konwonpi);


Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”


Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.


Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”


“Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.


“Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.


“Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.


“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.


Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite