Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 18:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 — Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

Gade chapit la Kopi




Levitik 18:2
16 Referans Kwoze  

“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.


Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,


“Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.


“‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.


Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M te chwazi Israël la, e te sèmante a desandan a lakay Jacob yo, pou te revele Mwen menm a yo menm nan peyi Égypte la, lè M te sèmante a yo menm, e te di: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,’


Mwen te di a yo menm: ‘Voye jete, nou chak, bagay abominab a zye nou yo, e pa souye tèt nou ak zidòl Égypte yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’


Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”


Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Anplis, nou pa pou swiv koutim nasyon sa yo ke Mwen va pouse fè sòti devan nou yo, paske yo te fè tout bagay sa yo, e konsa, Mwen te vin rayi yo.


“‘Konsa, nou va konsakre nou menm e nou va rete sen, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite