Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 17:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 epi ki pa t pote li nan pòtay tant asanble a pou prezante li kòm yon ofrann a SENYÈ a devan tabènak SENYÈ a, koupabilite vèse san an va kontwole sou moun sila a. Li te vèse san e moun sa a va koupe retire de pèp li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 depi se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l pou l ofri l bay Senyè a la devan kay Senyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l nèt nan mitan moun pèp Bondye a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 17:4
30 Referans Kwoze  

Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”


A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la, e nan lespri a sila ki pa gen manti a.


“Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.


Pandan sèt jou yo nou pa pou twouve ledven lakay nou paske nenpòt moun ki manje sa ki leve, moun sa a va vin koupe retire nèt de asanble Israël la, menm si se yon etranje, oswa yon natif peyi a.


Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”


Nenpòt moun ki ta fè parèy li pou sèvi kòm pafen va koupe retire pami pèp li yo.”


Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.


Paske sou mòn sen Mwen an, sou wotè mòn Israël la,” deklare Senyè BONDYE a: “la, tout lakay Israël, yo tout, va sèvi Mwen nan peyi a. La Mwen va aksepte yo, e la, Mwen va egzije ofrann nou yo, avèk ofrann premyè fwi nou yo, ak tout bagay sen nou yo.


“‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a.


“‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’


Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire.


“Nenpòt moun ki sòti lakay Israël ki touye yon bèf oswa yon jenn mouton, oswa yon kabrit nan kan an, oswa touye li deyò kan an,


Rezon pou sa a se pou pèmèt fis Israël yo pote sakrifis ke y ap fè nan gran chan yo, pou yo kapab pote yo antre vè SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a vè prèt la, e pou fè sakrifis yo kòm sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a.


epi ki pa mennen li nan pòtay tant asanble a pou ofri li bay SENYÈ a, moun sila a osi va koupe retire de pèp li a.


“‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a.


“‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo.


“‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.


Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou konwonpi sanktyè Mwen an, e degrade non sen Mwen an.


Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la.


Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.


Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se pòt la pou mouton yo.


“Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.


Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.


Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:


Paske jiska Lalwa a te rive, peche te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa.


Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis lagras te abonde pi plis toujou.


Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite