Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 17:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Men si li pa lave oswa benyen kò li, li va pote koupabilite li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Men, si li pa lave rad ki sou li yo, si li pa benyen nèt, l'a peye sa l fè a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 17:16
11 Referans Kwoze  

“‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.


Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: “Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”


Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konnesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo.


“‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo wont. Yo va koupe retire devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li. Li pote koupabilite pa l.


Tout sila ki manje li yo, va pote inikite li, paske li te degrade bagay sen SENYÈ a. Konsa, moun sa a va koupe retire de pèp li a.


Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite