Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 17:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “Lè yon moun manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt kit li se yon moun peyi a, oswa yon etranje, li va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Konsa, li va vin pwòp.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Mwen pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

Gade chapit la Kopi




Levitik 17:15
22 Referans Kwoze  

Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li.


Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen.


Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”


Prèt yo p ap manje okenn zwazo, bèt ki te mouri pa mò natirèl, oswa ki te dechire an mòso.


“‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt moun ki ranmase kadav li yo va lave rad li e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt zannimo ki mache sou pat li; pami tout kreyati ki mache sou kat pat yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche kadav li yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.


Sila ki ranmase kadav yo va lave rad yo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Yo pa pwòp pou nou.


Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò.


“‘Si youn nan bèt ki pwòp pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè.


Sila a tou, ki manje kèk nan kadav li a va lave rad li, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Anplis sila ki ranmase kadav li a va lave rad li, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt moun ki touche nenpòt nan bagay ki te anba li va pa pwòp jis rive nan aswè, e sila ki pote yo a, va lave rad li, li va benyen avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt moun ki touche kabann li va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt moun, anplis, ki touche kabann sa a va lave rad li, benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Li pa pou manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt, pou fè l vin pa pwòp.


Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li.


Alò, moun pwòp la va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè.


“‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


“Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.


Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite