Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 17:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Paske nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Senyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gendwa manje vyann okenn bèt ak tout san an ladan l. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l, m'ap wete yo nan mitan pèp mwen an.

Gade chapit la Kopi




Levitik 17:14
6 Referans Kwoze  

“Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li.


Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”


“‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”


men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.


“Sèlman, fè sèten ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite