Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 16:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Aaron va fè tiraj osò pou de kabrit sa yo, yon osò pou SENYÈ a, e lòt osò a pou kabrit ekspiyatwa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Apre sa, l'a tire osò ak de ti wòch, yonn make: Pou Senyè a, lòt la: Pou Azazèl.

Gade chapit la Kopi




Levitik 16:8
12 Referans Kwoze  

Tiraj osò fèt nan fon wòb; men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.


Sa se peyi ke nou va divize selon tiraj osò bay tribi Israël yo, kon eritaj e sila yo se pòsyon pa yo,” deklare Senyè BONDYE a.


Men kabrit la sou sila osò kabrit ekspiyatwa a vin tonbe a, li va vin prezante vivan devan SENYÈ a, pou fè ekspiyasyon sou li, e pou voye li nan dezè a kòm kabrit ekspiyatwa a.


“Sila ki te lage kabrit la kòm kabrit ekspiyasyon an, gen pou lave rad li, e benyen kò li avèk dlo. Alò apre, li va antre nan kan an.


Li va pran de kabrit yo, e li va prezante yo devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a.


Alò, Aaron va ofri kabrit la sou sila osò SENYÈ a tonbe a, e fè li vin yon ofrann peche.


Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas.


Men peyi a va divize pa tiraj osò. Yo va resevwa eritaj yo selon fòs kantite ki te konte pami yo.


Nou va eritye teren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite