Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 16:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Kabrit la va pote sou li menm tout inikite pa yo pou rive nan yon peyi izole. Li va lage kabrit la nan dezè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Bouk la va pote tout peche yo ale sou li yon zòn kote pa gen moun rete la.

Gade chapit la Kopi




Levitik 16:22
13 Referans Kwoze  

Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo, ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.


Menm jan lès lwen lwès la, Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.


Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv.


“Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li. Ou va pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo.


Epi li va flite sèt fwa sou sila ki gen lalèp pou pirifye a, e li va pwoklame li pwòp. Konsa, li va kite zwazo vivan an vole lib sou yon chan byen louvri.


Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa.


“Epi Aaron va vini nan tant asanble a pou retire vètman len ke li te mete lè li te antre nan sen lye an, e li va kite yo la.


Li va gen konpasyon pou nou ankò. Li va foule inikite nou yo anba pye L. Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.


Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.


Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”


konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite