Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 14:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 alò, prèt la va bay lòd pou pran de zwazo pwòp avèk bwa sèd, fisèl wouj avèk izòp pou sila ki va vin pirifye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Prèt la va bay lòd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.

Gade chapit la Kopi




Levitik 14:4
11 Referans Kwoze  

Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.


Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten.


“‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak toutrèl oswa jèn ti pijon.


Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’”


Prèt la va osi bay lòd pou touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt an tè sou yon dlo k ap koule.


Epi pou zwazo vivan an, li va pran li ansanm avèk bwa sèd yo, fisèl wouj la, ak izòp, e li va fonse yo avèk zwazo vivan an nan san zwazo ki te touye sou dlo k ap koule a.


“‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.


Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm.


Prèt la va pran bwa sèd avèk izòp ak twal wouj, e li va jete li nan mitan gazèl k ap brile a.


Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa li te pran san a towo ak kabrit avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite