Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 13:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Prèt la va gade bouton an sou po kò a. Si plim nan enfeksyon an vin blan, e enfeksyon an parèt pi fon ke po kò a, li se yon enfeksyon lalèp. Lè prèt la fin gade li, li va pwononse li pa pwòp.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Prèt la va egzaminen kote ki malad la. Si plim yo vin tou blan epi si maladi a fouye chè a ti kras, l'a konnen se yon maladi atrapan ki ka kontaminen lòt moun. Lè prèt la wè sa, l'a fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou li fè sèvis Bondye.

Gade chapit la Kopi




Levitik 13:3
29 Referans Kwoze  

Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, antre Béthel avèk Ai,


“‘“A la kè ou fèb!” deklare Senyè BONDYE a, “pandan w ap fè tout bagay sa yo, aksyon a yon pwostitiye ki san wont.


Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.


Etranje yo devore fòs li, men li pa wè sa a. Anplis, cheve blanch yo la sou li, men li pa konnen.


Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.


Prèt la va gade l. Si gen yon enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an,


“Lè yon nonm vin gen sou po kò li yon enflamasyon, yon gal, oswa yon tach blanch, e li vin gen yon enfeksyon lalèp sou po kò li, alò, li va pote bay Aaron, prèt la, oswa yon prèt nan fis li yo.


Prèt la va gade li, e veye byen, si li vin parèt pi fonse ke po a, e plim sou li a vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se enfeksyon lalèp, li vin parèt nan abse a.


Men si bouton blan an sou po kò a, men li pa parèt pi fon ke po a, epi plim sou li pa vin blan, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.


Prèt la va gade, e si gal la vin gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se lalèp.


Alò, li va gade mak la, e si mak sou mi kay la fonse avèk koulè tankou vèt oswa wouj ki fonse plis ke sifas la,


Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni— menm pou yon kal


epi pou yon enflamasyon, pou yon kal sou po li, ak yon kote ki klere blan—


Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab.


“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Kounye a mande prèt yo konsènan Lalwa a. Mande yo:


Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo.


M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”


“Si nou padonnen peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padonnen. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”


“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.


Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou “lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”.


Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.


Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.


Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.


Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite