Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 13:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Prèt la va gade li, e veye byen, si li vin parèt pi fonse ke po a, e plim sou li a vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se enfeksyon lalèp, li vin parèt nan abse a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Prèt la va egzamnen li. Si bouton an genlè yon ti jan pi fon pase rès po a, epi si plim ki ladan yo vin tou blan, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po k'ap parèt sou mak apse a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 13:20
7 Referans Kwoze  

epi nan plas abse a, li vin gen yon enflamasyon tou blanch oswa yon tach blanch e wouj fonse, byen vif, li va montre l a prèt la.


“Lè yon nonm vin gen sou po kò li yon enflamasyon, yon gal, oswa yon tach blanch, e li vin gen yon enfeksyon lalèp sou po kò li, alò, li va pote bay Aaron, prèt la, oswa yon prèt nan fis li yo.


Men si prèt la gade li, e veye byen, li pa gen plim blanch ladann, li pa pi fon ke po a, e l ap vin disparèt, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.


Prèt la va gade bouton an sou po kò a. Si plim nan enfeksyon an vin blan, e enfeksyon an parèt pi fon ke po kò a, li se yon enfeksyon lalèp. Lè prèt la fin gade li, li va pwononse li pa pwòp.


Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”


Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”


Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte dènye eta yo a vin pi mal pase premye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite