Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 13:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Si lalèp la vin gaye plis sou po a, e lalèp la kouvri tout po de sila ki gen enfeksyon an soti nan tèt li, jis rive nan pye li, toupatou kote prèt la kab wè,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Men, si maladi a gaye sou tout kò l, si li kouvri ak bouton depi nan tèt jouk nan pye, kifè kote prèt la voye je l li wè se bouton,

Gade chapit la Kopi




Levitik 13:12
9 Referans Kwoze  

nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a;


“Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou? Mwen poze men m sou bouch mwen.


Pou tout sa a, mwen rayi pwop tèt mwen, e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”


Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.


sa se yon lalèp kwonik sou po kò li. Prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li p ap izole li ankò, paske li deja pa pwòp.


alò, prèt la va gade, e veye byen, si lalèp la vin kouvri tout kò li, li va pwoklame li pwòp. Li te vin blanch nèt, e koulye a, li vin pwòp.


Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite