Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 12:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Si fanm lan pa gen mwayen pou l pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Senyè a pou l mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.

Gade chapit la Kopi




Levitik 12:8
14 Referans Kwoze  

“‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak toutrèl oswa jèn ti pijon.


Prèt la, va ofri li devan SENYÈ a. Li va fè ekspiyasyon pou fi a, e konsa, li va netwaye de flo san li an. “‘Sa se lalwa pou sila ki pote pitit yo, kit li mal, kit li femèl.


Alò, SENYÈ a te pale Moïse avèk Aaron. Li te di:


“Men si se yon malere li ye, e mwayen li pa sifi, alò li va pran yon jenn mouton mal tankou ofrann koupab la, tankou yon ofrann voye anlè pou fè ekspiyasyon pou li, e yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal ak yon boutèy demi lit lwil;


epi de toutrèl oswa de pijon, sa ki posib selon mwayen li; youn va ofrann peche a, e lòt la va ofrann brile a.


Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon, e vini devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, pou bay yo a prèt la.


Prèt la va ofri yo, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a akoz ekoulman li an.


Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon e li va mennen yo devan prèt la nan pòtay tant asanble a.


Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone.


“‘Men si mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a. Li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche.


“‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.


Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite