Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 12:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou. Tankou nan jou règ li yo, li va pa pwòp.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 — Men sa pou ou di pèp Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li.

Gade chapit la Kopi




Levitik 12:2
14 Referans Kwoze  

Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a.


“‘Lè yon fanm gen yon ekoulman, si ekoulman nan kò li a se san, li va kontinye rete enpi avèk règ li a jis rive sèt jou. Konsa, nenpòt moun ki touche li va pa pwòp jis rive nan aswè.


Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye? Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp?


Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach, oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?


Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn!


“‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp.


Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen.


A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”


Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.


Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li.


Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab.


Men si li pote yon pitit fi, li va pa pwòp pandan de semèn, tankou nan lè règ li. Konsa, li va rete nan san pirifikasyon li an pandan swasann-si jou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite