Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 11:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.

Gade chapit la Kopi




Levitik 11:7
11 Referans Kwoze  

ki chita nan mitan tonm yo e ki pase nwit lan kote kache yo; ki manje chè kochon, ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.


“Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann nèt”, deklare SENYÈ a.


Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.


Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje.


Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.


Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.


“Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.


Donk, li te ale anplwaye tèt li a yon sitwayen nan peyi sila a, e li te voye li nan chan an pou bay kochon yo manje.


Dyab yo te sòti nan mesye a, e te antre nan kochon yo, bann nan te kouri desann pant falèz la, tonbe nan lak la, e te mouri nan dlo a.


Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite