Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 10:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Moïse te rele osi Mischaël ak Eltsaphan, fis a tonton Aaron an, Uziel. Li te di yo: “Avanse; pote moun fanmi nou yo sòti devan sanktyè a pou rive deyò kan an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Moyiz rele Mikayèl ak Elzafan, de pitit gason Ouzyèl, tonton Arawon, li di yo: — Vini non! Wete kadav kouzen nou yo devan tant Senyè a, pote yo deyò lòt bò limit kan an.

Gade chapit la Kopi




Levitik 10:4
10 Referans Kwoze  

Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel.


Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.


Fis Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron, avèk Uziel. Ane Kehath te viv yo te de-san-trann-twa ane.


Fis Uziel yo: Mischaël, Eltsaphan ak Sithri.


Fis a Kehath yo selon fanmi pa yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel;


epi chèf a tout kay papa yo pou Kehath yo se te Élitsaphan, fis a Uziel la.


Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l.


Jennjan yo te leve li, vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.


Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite