Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò fis Aaron yo, prèt yo, va ranje mòso yo, tèt la avèk grès ren an sou bwa ki sou lotèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va mete moso vyann yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.

Gade chapit la Kopi




Levitik 1:8
9 Referans Kwoze  

Alò, kite yo bannou de bèf, e kite yo chwazi yon bèf pou yo menm, koupe li an mòso e mete li sou bwa a, men san pa mete dife; epi mwen va prepare lòt bèf la e kouche li sou bwa e mwen p ap mete dife.


Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a.


Kwòk yo, longè a yon pla Men te enstale toupatou nan kay la. Sou tab yo, yo te mete chè ofrann nan.


Li va, answit, koupe li an mòso, avèk tèt li ak grès ren li. Prèt la va ranje yo sou bwa ki sou dife ki sou lotèl la.


Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo,


epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite