Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Fis Aaron yo, prèt la, va mete dife sou lotèl la e ranje bwa yo sou dife a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Pitit sakrifikatè Arawon yo va limen dife sou lotèl la, y'a mete bwa nan dife a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 1:7
11 Referans Kwoze  

Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo.


Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a.


Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.


fis a Elkana a, fis a Jerocham nan, fis a Éliel la, fis a Thoach la,


Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la.


epi pou ofran founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.


Alò, SENYÈ a te pale a Moïse, e t ap di:


Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.


O ke te genyen youn nan nou pou ta fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite