Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 1:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Li va chire li pa zèl li, san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri zwazo a fè de katye san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule li nèt sou dife ki sou lotèl la. Se yon sakrifis bèt yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi.

Gade chapit la Kopi




Levitik 1:17
20 Referans Kwoze  

Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li pa t koupe zwazo yo.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.


Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Li se fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.


Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.


Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.


Li va pote yo bay prèt la, ki va ofri, premyèman, sa ki pou ofrann peche a, e li va tranche tèt li pa devan kou a san ke li pa fin separe li nèt.


Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.


Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


“‘Alò, sa se lalwa ofrann sereyal la: fis Aaron yo va prezante li devan SENYÈ a, devan lotèl la.


Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


alò, fè yon ofrann pa dife a SENYÈ a—yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, swa kòm yon ofrann bòn volonte, swa nan tan apwente yo, pou fè yon odè ki santi bon a SENYÈ a, soti nan twoupo oswa nan bann mouton—


Lòt jenn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Menm jan ak ofrann sereyal maten an, ak ofrann bwason pa l, ou va ofri li, yon ofrann pa dife, yon odè ki bon bay SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite