Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 L'a touye l sou bò nò lotèl la, devan Senyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.

Gade chapit la Kopi




Levitik 1:11
12 Referans Kwoze  

Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la.


Anplis li te mete tab la nan tant reyinyon an sou kote nò tabènak la, deyò vwal la.


Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sila yo se règleman pou lotèl la nan jou ke li bati a, pou ofri ofrann brile sou li e pou flite san sou li.


Li te di mwen: “Fis a lòm, leve zye ou koulye a vè nò.” Konsa, mwen te leve zye m vè nò, e gade byen, nan nò a pòtay lotèl, se te zidòl jalouzi a ki te nan antre a.


Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri san an e flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a.


Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout.


Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a.


“Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Sa se lalwa ofrann peche a: nan plas kote ofrann brile a vin touye a, ofrann peche a va touye devan SENYÈ a. Li pi sen pase tout.


Nan plas kote yo touye ofrann brile a, yo dwe touye ofrann koupabilite a, e li va flite san li toupatou sou lotèl la.


Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite