Yo te di mwen: “Retay ki la nan pwovens lan, ki te chape e ki te reziste malgre kaptivite a nan gwo pwoblèm ak dezolasyon. Miray Jérusalem nan kraze nèt e pòtay li yo fin brile ak dife.”
Sou miray ou yo, O Jérusalem, Mwen te plase gadyen yo. Tout lajounen ak tout lannwit, yo p ap janm rete an silans. Nou menm ki raple SENYÈ a, pa pran repo pou tèt nou;
Ou menm ki konnen, O SENYÈ, sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo. Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt; rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.
Tout pèp li a plenn nan gòj. Yap chache pen. Tout sa ak valè deja vèse bay pou manje, pou kenbe nanm yo vivan an. “Gade, O SENYÈ, paske mwen vin meprize.”
Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Lespri m twouble anpil; kè m boulvèse anndan m, paske mwen te fè rebèl anpil. Nan lari, se nepe k ap touye; nan kay, se tankou lanmò.
Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”
Tout moun ki pase akote chemen an bat men yo pou moke ou. Yo sifle anlè kon koulèv sou fi Jérusalem nan, epi yo di: “Men èske se vil sa a yo te konn rele ‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”
Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?
SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.