Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo, ke sila ki touye ak grangou yo; paske yo vin chagren e epwize akoz mank fwi chan an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 4:9
10 Referans Kwoze  

Nan nevyèm jou ak nan katriyèm mwa a, grangou te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a.


Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.”


Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la.


“Yo va mouri mo yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”


Tiban nou va sou tèt nou e soulye nou nan pye nou. Nou p ap fè dèy, ni nou p ap kriye; men nou va plenyen nan inikite nou yo e nou va plenyen youn bay lòt.


“Alò, pou ou, fis a lòm, pale ak lakay Israël: ‘Pale konsa e di: “Anverite, transgresyon nou yo ak peche nou yo, sou nou, e nou ap pouri ladan yo. Donk kòman nou ka viv?”’


Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz


“‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe. Gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo.


Epi sila ki lese dèyè yo va pouri gate akoz inikite pa yo nan peyi a lènmi pa nou an; epi osi, akoz inikite zansèt pa yo, ak enfidelite ke yo te komèt nan peyi lènmi nou yo; anplis, akoz inikite a papa zansèt pa yo, yo va vin pouri ansanm avèk yo.


Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite