Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 4:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Aparans yo koulye a pi nwa ke poud chabon. Yo pa menm rekonèt yo nan lari. Chè yo vin kole sou zo yo. Li fennen nèt. Li vin tankou bwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Kounyeya, se lonbray yo ase ki la. Yo fini. Pèsonn pa rekonèt yo nan lari. Po yo chèch tankou kòs bwa, yo tounen zo ak po.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 4:8
17 Referans Kwoze  

Zo m yo kole sou po m ak chè m; se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.


Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la.


Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.


Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.


Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.


Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.


Paske lajounen kon lannwit, men Ou te lou sou mwen. Fòs mwen te epwize vin bese tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan


Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.


Menm jan ke anpil moun te etone de ou— konsa aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun, e fòm li plis ke fis a lòm yo.


Po nou vin kwit tankou yon fou, akoz gwo chalè grangou a.


Devan yo, pèp yo vin nan gwo soufrans. Tout figi yo vin pal.


Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm!


Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite