Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 4:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Prens li yo te pi pwòp ke lanèj. Yo te pi blan ke lèt. Yo te pi wouj pase koray. Yo te poli tankou pyè safì.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pat genyen. Yo te anfòm, yo te grannèg. Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo!

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 4:7
15 Referans Kwoze  

Valè li pa kab konpare ak lò Ophir, oswa oniks presye, oswa safì.


Koray ak kristal, bliye sa nèt. Posede sajès se pi wo ke pèl.


Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal.


Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.


Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm.


Cheri mwen an mèvèye, yon figi wouj ranpli ak sante, k ap parèt miyò pami di-mil.


Janm li se pilye fèt an mèb blan, plase sou yon baz lò san tach; aparans li tankou chwa Liban an, kon pi bèl bwa sèd li.


Nan fen di jou yo, aparans yo te parèt pi bon, e yo te angrese plis ke tout jennonm ki t ap manje meyè manje a wa a.


“Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.


Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”


Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”


Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.”


Konsa, li te voye chache li antre. Alò li te wouj avèk zye byen bèl ak aparans ki bèl. Epi SENYÈ a te di: “Leve, onksyone li, paske sa se li menm.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite