Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 4:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom nan, ki rete nan peyi Uts la. Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou. Ou va vin sou. Ou va vin toutouni.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 4:21
24 Referans Kwoze  

Men fis a Dischan yo: Uts avèk Aran.


Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a.


Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”


Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.


Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sila ki pa t kondane pou bwè tas yo va, anverite, bwè l, e èske se ou sèl k ap epanye? Nou p ap epanye, men anverite, nou va bwè l.


Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël,


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’


“Fis a lòm, akoz Tyr te di konsènan Jérusalem: ‘Ha ha! Gade byen, pòtay a pèp yo fin kraze; koulye a l ap remet nan men m. Mwen va vin ranpli koulye a akoz li devaste nèt;’


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe e te refize gen pitye. Mekontantman li te dechire tout tan, e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.


Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”—


Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; nan lawont ak toutouni ou. Moun Tsaanan p ap chape. Plenyen Beth-Haëtsel la: Li va retire sou ou tout soutyen li.


Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.


“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite