12 Li te koube banza Li, e Li te chwazi m kon pwen final pou flèch Li.
12 Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo.
Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m, epi men Ou fin peze m.
Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.
Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.