Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 2:4
38 Referans Kwoze  

“Ale fè ankèt a SENYÈ a pou mwen e pou sila ki rete Israël avèk Juda yo, konsènan pawòl a liv ki te twouve a; paske byen gwo, se kòlè SENYÈ a ki vide sou nou akoz papa zansèt nou yo pa t obsève pawòl a SENYÈ a, pou fè selon tout sa ki ekri nan liv sila a.”


Akoz yo te abandone Mwen, e te brile lansan a lòt dye yo, pou yo ta kapab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv a men yo; pou sa, kòlè Mwen va vin vide sou plas sa a e li p ap etenn.’”’


Anplis, Li te limen lakòlè Li kont mwen e te konsidere m kon lènmi Li.


Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.


Mechan yo rale nepe e koube banza yo, pou jete aflije yo avèk malere a, pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.


Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo. Li fè flèch ak shaf ki brile yo.


Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li ak fòs kouraj batay la. Sa te fè l pran flanm toupatou, men li pa t rekonèt sa a. Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”


Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.


Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen; Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen. Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”


Tant mwen an fin detwi. Tout kòd mwen yo fin chire. Fis mwen yo te kite mwen. Yo pa la ankò. Nanpwen moun ki pou laji tant mwen an ankò, ni pou monte rido mwen yo.


O lakay David, konsa pale SENYÈ a: ‘Aji ak jistis chak maten. Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la, pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife e brile yon jan pou okenn pa ka etenn, akoz mechanste a zak yo.


Mwen menm, Mwen va fè lagè kont nou ak yon men lonje, ak yon bra pwisan, menm ak kòlè, gwo kòlè, ak gwo endiyasyon.


Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.


Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”


Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’


Pou sa, pale Senyè BONDYE a, “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”


Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m, e lap dominen yo. Li te ouvri yon pèlen pou pye m; Li te fè m vire fè bak. Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.


Senyè a vin tankou yon lènmi. Li te vale Israël nèt. Li te vale tout palè li yo. Li te detwi sitadèl li yo. Li te miltipliye doulè yo ak plent yo nan fi a Juda yo.


Anverite, li te vire men L kont mwen plizyè fwa, tout jounen an.


A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.


SENYÈ a te acheve gwo kòlè Li a. Li te vide gwo kòlè Li a. Li te limen yon dife nan Sion, ki te manje tout fondasyon Li yo.


“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè yon van vyolan vin pete nan kòlè Mwen. Anplis, va genyen nan mekontantman Mwen, yon inondasyon lapli ak lagrèl pou konsonmen li nèt ak gwo laraj.


Mwen va mennen nou soti nan tout pèp yo, rasanble nou soti nan peyi kote nou gaye yo, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e ak chalè kòlè Mwen vide nèt.


Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te vide chalè kòlè Mwen sou nou.’”


“Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo,


Akoz sa, Mwen te vide chalè kòlè Mwen sou yo pou san ke yo te vèse sou peyi a, akoz yo te souye li ak zidòl yo.


Konsa, kòlè M va achevi. Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo, e Mwen va satisfè. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te achevi kòlè Mwen sou yo a.


Sila ki lwen an va mouri pa epidemi, sila ki pre a va tonbe sou nepe e sila ki rete vin anba syèj la, va mouri nan gwo grangou a. Konsa, Mwen va pase gwo kòlè Mwen sou yo.


Yo te soufle twonpèt la, e te fè tout bagay vin prè, men pèsòn pa prale nan batay la, paske gwo kòlè Mwen an kont tout foul moun yo.


Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.


Yon Dye jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li.


Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.


Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.


Samuel te di: “Poukisa konsa ou vin mande mwen, akoz SENYÈ a te kite ou e te devni lènmi ou?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite