Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 2:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou. Yo sifle anlè kon koulèv. Yo fwote dan yo. Yo di: “Nou te vale l nèt! Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan. Nou gen tan jwenn li. Nou gen tan wè l.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Tout lènmi ou yo ap pale ou mal byen fò. Y'ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje bouch yo sou ou. Y'ap di: Nou fini avè l! Men jou nou t'ap tann lan! Nou jwenn li jòdi a!

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 2:16
31 Referans Kwoze  

Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen. Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.


Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.


Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan, lè kòlè yo te limen kont nou an.


Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, tankou yon lyon voras k ap rele fò.


Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo ta mòde m ak dan yo.


Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen. Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”


Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”


Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo. Li manje dan l sou li.


“Yon bagay mechan gen tan pran l, pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”


Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.


Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.


Nan plas dezè e dezole ou yo, nan peyi detwi nèt ou a, anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo, e sila ki te vale ou yo va ale byen lwen.


konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”


Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo,


“Israël se yon bann moun kap kouri devan lachas lyon an te chase yo ale. Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a, e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”


Tout moun ki rive sou yo te devore yo; epi advèsè yo te di: ‘Nou pa koupab, paske se yo ki te peche kont SENYÈ ki se abitasyon ladwati a, menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’


“Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te devore mwen. Li te kraze mwen. Li te depoze mwen tankou yon boutèy vid. Tankou yon dragon, li te vale mwen. Li te plen vant li ak bagay liks mwen yo. Li te lave mwen ale nèt.


Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj; men nanpwen ki pou konsole m. Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan. Yo kontan Ou te fè sa. O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a, pou yo ka vin tankou mwen.


Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.


“Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou va bwè tas a sè ou a ki fon e ki laj. Yo va ri sou ou e fè rizib sou ou. Li byen gwo.


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,”


Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la,


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël,


akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.”


Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kontra ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale—


Israël vin vale nèt. Koulye a, se pami nasyon yo ye; tankou yon veso ki pa bay plezi a okenn moun.


Epi koulye a, gen anpil nasyon ki rasanble kont ou k ap di: “Kite li fin souye nèt, e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”


Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite