Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Jérusalem sonje tout bagay presye li yo nan jou afliksyon li. Tout bèl bagay ki te la depi nan jou ansyen yo; lè pèp li a te tonbe nan men a advèsè a, e pat gen okenn ki pou ede l. Advèsè yo te wè l. Yo te giyonnen l akoz tristes li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Nan mizè kote yo ye a, nan pwonmennen toupatou sa a, moun lavil Jerizalèm yo chonje tout bèl bagay yo te gen nan tan lontan. Lè moun li yo tonbe anba men lènmi pèsonn pa vin pote yo sekou. Moun ki pa vle wè l yo ap pale sou li. Yo kontan wè jan yo fini avè l.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 1:7
23 Referans Kwoze  

“O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo! Kon nan jou ke Bondye te bay rega sou mwen yo;


Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.


Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.


Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.


Vil sen Ou yo te vin yon dezè; Sion te vin yon dezè, Jérusalem yon kote dezole.


Bèl kay sen nou an, kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, te brile ak dife; epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.


“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte.


Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.


Malgre sa, zye nou febli. Chache sekou te vin initil. Nan chache, nou te chache pou yon nasyon ki pa t ka sove.


Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la,


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël,


Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo, men li p ap ka rive sou yo. Li va chache yo, men li p ap jwenn yo. Konsa li va di: ‘M ap prale retounen kote premye mari Mwen an, paske lè sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.’


Epi koulye a, gen anpil nasyon ki rasanble kont ou k ap di: “Kite li fin souye nèt, e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”


“Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou.


“Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite