Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 1:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Mwen te rele vè renmen mwen yo, men yo te fè m desi. Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la pandan yo t ap chache manje pou restore fòs yo pou kont yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Mwen rele zanmi m yo. Men, yo pa okipe m menm! Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 1:19
15 Referans Kwoze  

Men kote dye ke ou te fè pou kont ou yo ye? Kite yo leve, si yo ka sove ou nan tan twoub ou yo; paske selon fòs kantite vil ou yo, kantite dye ou ye, O Juda.


Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.


Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou.


A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!


Tout pèp li a plenn nan gòj. Yap chache pen. Tout sa ak valè deja vèse bay pou manje, pou kenbe nanm yo vivan an. “Gade, O SENYÈ, paske mwen vin meprize.”


Li kriye byen anmè nan nwit lan. Dlo zye li kouri desann figi l. Pami tout sila ki te renmen l yo, nanpwen moun ki pou bay li rekonfò. Tout zanmi li yo fè l trèt; yo te tounen lènmi l.


Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?


Malgre sa, zye nou febli. Chache sekou te vin initil. Nan chache, nou te chache pou yon nasyon ki pa t ka sove.


Prens yo te pann pa men yo; ansyen yo te vin pa respekte.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite