Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jozye 9:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Lè pèp la nan Gabaon te tande sa ke Josué te fè ak Jéricho avèk Aï,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo,

Gade chapit la Kopi




Jozye 9:3
17 Referans Kwoze  

ke li te vin pè anpil, akoz Gabaon te yon gran vil tankou youn nan vil wayal yo, epi akoz li te pi gran ke Aï e tout gason li yo te pwisan.


Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim.


yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud,


Epi Josué te rele yo pou te pale avèk yo. Li te di: “Poukisa nou te twonpe nou, e di: ‘Nou lwen nou,’ lè vrèman nou ap viv nan mitan peyi nou an?


Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo.


Soti nan tribi Benjamin an, Gabaon avèk teren patiraj pa li ak Guéba avèk teren patiraj pa li,


Alò, nan menm ane a, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, nan katriyèm ane, nan senkyèm mwa Hanania, fis a Azzur a, pwofèt ki te sòti nan Gabaon an, te pale ak mwen lakay SENYÈ a, nan prezans a prèt yo e a tout pèp yo. Li te di:


Alò, li te vin rive ke lè Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te tande ke Josué te kapte Aï e te detwi li nèt (jis jan ke li te fè Jéricho avèk wa li a, konsa li te fè Aïavèk wa li a), e ke pèp Gabaon an te fè lapè avèk Israël e yo te rete nan mitan yo,


Alò, Josué te kaptire Makkéda nan jou sa a. Li te frape l, ansanm ak wa li a avèk lam nepe. Li te konplètman detwi li ak tout moun ki te ladann. Li pa t kite pèsòn vivan. Konsa li te fè a wa Makkéda a, jis jan ke li te fè a wa Jéricho a.


SENYÈ a te bay Libna tou ansanm ak wa li nan men Israël. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan ladann. Konsa li te fè a wa a li menm bagay ke li te fè a wa Jéricho a.


Gabaon, Rama, Beéroth,


Alò, Abner, fis a Ner a te sòti Mahanaïm kote Gabaon avèk sèvitè a Isch-Boscheth yo, fis a Saül la.


Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la;


Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan wo plas ki te Gabaon an; paske tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite