Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jozye 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Senyè a di Jozye konsa: — Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.

Gade chapit la Kopi




Jozye 8:1
24 Referans Kwoze  

“Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”


nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte:


Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. Pa pè, ni dekouraje.’”


SENYÈ a te di a Josué: “Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk wa li ak gèrye vanyan li yo.


Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”


Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.


Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.


Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”


Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito.


Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo. Li retire wa e Li etabli wa. Li bay sajès a moun saj yo, e konesans a moun ki gen bon konprann.


Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël! Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen, e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen pou rete san twoub, ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.


Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.


SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?


Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”


Alò, Josué te monte soti Guilgal, li menm ansanm ak tout moun lagè yo ak tout gèrye vanyan yo.


SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou.”


“Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi! Kriye fò, O fi a Rabbath yo! Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri e kouri fè ale retou anndan miray yo; paske Malcom va ale an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens yo.


Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.


Yo te di Josué: “Anverite, SENYÈ a te bannou tout peyi a nan men nou. Anplis, kè tout abitan peyi a tap fonn e disparèt devan nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite