Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jozye 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Jozye te voye kèk moun sòti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt-Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y'al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi.

Gade chapit la Kopi




Jozye 7:2
18 Referans Kwoze  

Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an.


Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, men ou pa kite Juda vin koupab; pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven, ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”


Konsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.


Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.


Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.


Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.


Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.


Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj.


Anplis, fis a Benjamin yo te rete soti Guéba ale nèt, a Micmasch, a Ajja, a Béthel, avèk bouk pa li yo,


wa a Jéricho a, youn; wa a Ai ki akote Béthel la, youn;


Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.


Li te rele plas sa a Béthel, men oparavan non a vil sa a se te Luz.


Yo te retounen a Josué e te di li: “Pa kite tout pèp la monte; sèlman de oswa twa mil mesye bezwen monte Aï. Pa fè tout pèp la fòse fè efò a, paske yo pa anpil.”


Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo,


“Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi! Kriye fò, O fi a Rabbath yo! Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri e kouri fè ale retou anndan miray yo; paske Malcom va ale an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens yo.


Li te plase youn nan Béthel e lòt la, li te mete li Dan.


Li te vini kont Ajjath, li te pase nan Migron; nan Micmasch, li te depoze bagaj li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite