Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jozye 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Men fis Israël yo te aji avèk movèz fwa nan bagay ki te dedye anba ve yo; paske Acan, fis a Carmi a, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a, te pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Pou sa, chalè SENYÈ a te brile kont fis Israël yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Senyè a te bay pou yo pat pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Senyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.

Gade chapit la Kopi




Jozye 7:1
19 Referans Kwoze  

Èske Acan, fis Zérach la, pa t aji an movèz fwa nan zafè bagay ki te dedye anba ve a e kòlè te tonbe sou tout asanble a SENYÈ a? Epi se pa mesye sa a sèl ki te peri nan inikite l la.’”


Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.


“Bondye pa t kontan avèk bagay sa a e pou sa, li te frape Israël.


ke nou bezwen vire kite Jodi a chemen SENYÈ a? Si nou fè rebèl kont SENYÈ a Jodi a, Li va fache avèk tout asanble Israël la demen.


“Konsa pale tout kongregasyon a SENYÈ a: ‘Ki zak movèz fwa sa ye ke nou te komèt kont Bondye Israël la? Poukisa nou vire kite chemen SENYÈ a jodi a pou bati yon lotèl pou fè rebèl kont SENYÈ a jodi a?


Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas.


Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.


Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a.


Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: “Ale konte moun Israël avèk Juda yo.”


Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo.


Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen a.


Lè li te rive kote ti mòn nan, li te pran yo soti nan men yo, li te mete yo nan kay la, li te voye mesye yo ale e yo te pati.


Fis Jacob yo te vini sou mò yo. Yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a.


Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm, e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite