Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jozye 18:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Sou bò nò, lizyè yo a te konmanse larivyè Jouden, li moute flan nò mòn Jeriko a, li rale moute sou mòn yo nan direksyon solèy kouche, jouk li rive nan dezè Bèt-Avenn lan.

Gade chapit la Kopi




Jozye 18:12
11 Referans Kwoze  

Pèp Samarie yo va gen lakrent akoz jenn bèf Beth-Aven nan. Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li, ak prèt zidòl yo k ap kriye pou li, pou glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt.


Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, men ou pa kite Juda vin koupab; pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven, ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”


“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. Sone alam Beth-Aven nan: Dèyè ou, Benjamin!


Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain vè Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, vè lès nan dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel.


Alò, tiraj osò a pou tribi Benjamin an te monte selon fanmi pa yo e teritwa osò pa yo a te poze antre fis a Juda yo ak fis a Joseph yo.


Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.


dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.


Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre.


Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï.


Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale pa chemen dezè a.


Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite