Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jozye 17:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Lizyè Manassé a te kouri soti Aser a Micmethath, ki nan lès a Sichem. Epi lizyè a te kouri vè sid pou rive kote pèp En-Tappuach yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Men limit tè yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bò tè moun Asè yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichèm, sou bò solèy leve. Li vire desann bò sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo.

Gade chapit la Kopi




Jozye 17:7
15 Referans Kwoze  

Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.


Epi frè li yo te ale mennen bann mouton an Sichem.


Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Hébron an e li te rive Sichem.


Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a.


Epi, Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati Penuel.


Yo te bay yo vil azil yo kon swivan: Sichem avèk patiraj li nan peyi ti mòn Éphraïm yo avèk patiraj pa li; anplis, Gezer avèk patiraj li yo,


Bondye te pale nan sentete Li: “Mwen va triyonfe! Mwen va divize Sichem e tire yon lin nan vale Succoth la.


akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo.


Tè Tappuach la te apatyen a Manassé; men Tappuach nan lizyè Manassé a te pou fis a Éphraïm yo.


Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a.


Yo te bay yo Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk teren patiraj pa li,


Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye.


Alò, yo te antere zo Joseph yo, ke fis Israël yo te mennen monte soti Égypte, nan Sichem, nan mòso tè ke Jacob te achte nan men fis a Hamor yo, papa a Sichem, pou san pyès lajan an. Konsa, yo te devni eritaj a fis Joseph yo.


Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite