Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Anplis, Mwen va vann fis nou yo ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo. Konsa, yo va vann yo bay Sabeyen yo, yon nasyon byen lwen,” paske SENYÈ a fin pale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 3:8
12 Referans Kwoze  

men konsa, Sabeyen yo te atake vin pran yo. Anplis, yo te touye sèvitè yo ak lam nepe, e se sèl mwen ki te chape pou di ou sa.”


Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore; epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, va vin viktim yo menm.


Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”


“Bri a yon fèt ki plen moun ki alèz te avèk li. Lezòm klas ba, ak moun banal yo te mennen soti nan dezè a. Yo te mete braslè nan men a fanm sa yo ak bèl kouwòn nan tèt yo.


Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo ou pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’


Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.


Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo.


Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm.


Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite