Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jowèl 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Senyè a va gwonde soti nan Sion, e va sone vwa Li soti Jérusalem. Syèl yo ak tè a va tranble, men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a, ak yon sitadèl pou fis Israël yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Senyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Senyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 3:16
31 Referans Kwoze  

Li te di: “SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; epi patiraj a bèje yo va fè dèy, e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Yon fwa ankò nan yon ti tan, Mwen va souke syèl yo, tè a, lanmè a ak tè sèch la.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.


Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo tranbleman detè nan peyi Israël.


Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen, pou etabli syèl yo, fonde latè a e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’”


Paske Ou te yon refij pou mwen, yon fò ki wo, yon gran fòs kont lènmi yo.


Te gen kout eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.


SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.


Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.


SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a. SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.


Anplis, Glwa Israël La p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”


Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.


Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.


Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”


Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.


Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?


Yo va mache dèyè SENYÈ a, Li va gwonde kon yon lyon; Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, ap tranble soti nan lwès.


Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va sove lakay Joseph la, e mwen va fè yo retounen; paske Mwen gen konpasyon pou yo. Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, e mwen va reponn yo.


Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste, yon kote ak rivyè ak gwo kanal, sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase, ni gwo bato p ap janm pase la.


Pa fè m gwo laperèz. Ou se azil mwen nan jou gwo twoub la.


SENYÈ a bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.


Mwen va souke tout nasyon yo. Konsa, gwo richès de tout nasyon yo va vini, e Mwen va plen kay sa a ak glwa,’ pale SENYÈ dèzame yo.


Retounen nan sitadèl la, O prizonye ki gen lespwa a! Nan jou sa a menm, Mwen deklare ke Mwen va remèt ou doub de sa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite