Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo. Rasanble nou ansanm.” Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Senyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!

Gade chapit la Kopi




Jowèl 3:11
14 Referans Kwoze  

Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo, pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li, ki obeyisan a vwa pawòl Li!


Li va koupe nèt gwo rakbwa forè a ak yon rach ki fèt an fè, e Liban va tonbe akoz Toupwisan an.


Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen.


Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.


Mwen va rasanble tout nasyon yo pou mennen yo desann nan vale Josaphat la. Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yo pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël, ke yo te gaye pami nasyon yo. Yo te divize tè Mwen an,


Men yo pa konnen refleksyon a SENYÈ a, ni yo pa konprann bi Li a; paske Li te ranmase moun sa yo, kon pakèt sereyal yo, pou pote sou glasi vannen an.


“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.


epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo.


Lame ki nan syèl yo, ki abiye an lèn fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite