Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jowèl 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Yo kouri tankou mesye pwisan yo. Yo monte mi tankou sòlda. Konsa, yo mache byen ranje, ni yo pa kite pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agòch.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 2:7
11 Referans Kwoze  

Krikèt volan yo pa gen wa; men yo parèt byen alinye.


Yo kouri sou vil la. Yo kouri sou miray la. Yo antre nan kay yo; nan fenèt yo antre kon vòlè.


“Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.


David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”


Saül avèk Jonathan, byen emab e byeneme pandan vi pa yo, epi nan mò yo, yo pa t vin separe. Yo te pi rapid ke èg yo. Yo te pi pwisan pase lyon yo.


ki tankou yon jennonm ki fenk marye k ap sòti nan chanm li. Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.


Li kase antre brèch pa brèch; Li kouri sou mwen kon yon jeyan.


Youn pa jennen lòt. Yo chak mache nan pa yo. Lè y ap eklate travèse defans yo, yo pa kase ran ranje an.


Nan Aser, te gen karant-mil ki te sòti nan lame a pou ranje yo nan fòmasyon batay la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite