Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jowèl 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Soufle twonpèt la nan Sion, e sone alam nan sou mòn sen Mwen an! Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble, paske jou SENYÈ a ap vini. Anverite, li vin pwòch.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Sonnen twonpèt, Sonnen bay siyal sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, Paske jou Senyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 2:1
53 Referans Kwoze  

Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.


Soufle yon twonpèt nan Sion! Konsakre yon jèn. Pwoklame yon asanble solanèl.


Elas pou jou a! Paske jou SENYÈ a vin pwòch. Li va vini tankou destriksyon ki soti nan Toupwisan an.


Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an. Nan lè sa a Jérusalem va sen, e etranje yo p ap pase ladann ankò.


“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.


Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an.


Pre rive se gran jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.


Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.


Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou.


Èske twonpèt sone nan vil la, san pèp la p ap pè? Èske malè kon rive nan yon vil, san ke SENYÈ a ki fè l?


“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. Sone alam Beth-Aven nan: Dèyè ou, Benjamin!


Lè a fin rive! Jou a prè. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske gwo chalè a kont tout foul moun yo.


Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’


Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.


Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman.


Yon jou twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo.


Li te di: “Kisa ou wè, Amos?” Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.” Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap pwoteje yo ankò.


Mete twonpèt la sou lèv ou yo! Yon bagay tankou malfini vini kont lakay SENYÈ a; akoz yo te transgrese akò Mwen an, e fè rebèl kont lalwa Mwen an.


epi lè li wè nepe a ap vini sou peyi a, li soufle sou twonpèt pou avèti moun yo,


Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.”’ Men di yo: “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli.


“‘Gade jou a! Gade l byen, l ap vini! Move lè ou a deja parèt. Baton an fin boujonnen. Ògèy la fin fleri.


Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an—


O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.


Mwen fè yon dekrè ke nan tout dominasyon wayòm mwen an, pou tout moun gen pou gen lakrent e tranble devan Dye Daniel la; Paske Li se Bondye vivan an, ki dire jis pou tout tan an, epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap janm detwi. Règn li an va jis pou tout tan.


Men si gadyen an wè nepe a ap vini, e li pa sonnen twonpèt la, moun yo pa avèti, e nepe a rive retire nenpòt moun pami yo, moun nan soti nan inikite li. Men san li, Mwen va egzije sa a nan men gadyen an.’


Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’


Pèsòn p ap kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.


Tande pawòl SENYÈ a, nou menm ki tranble devan pawòl Li yo: “Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen, Yo te di: ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa, pou nou ka wè nou fè kè kontan.’ Men sila yo k ap wont.


Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan; nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.


Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN


Fondasyon Li nan mòn sen yo.


Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a.


Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”


Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.


Paske si twonpèt la pwodwi yon son ki pa klè, kijan yon moun va prepare tèt li pou batay la?


Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”


Krikèt yo te vini sou tout latè an Égypte. Yo te vin rete nan tout teritwa Égypte la; yo te debòde l nèt. Pa t janm genyen fòs kantite krikèt egal a sa a, ni p ap janm genyen ankò.


Paske jou a pwòch. Menm jou SENYÈ a pwòch. Li va yon jou nwaj, yon tan fènwa pou nasyon yo.


Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a. Anverite, kan Li vin byen gran, paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. Anverite, jou SENYÈ a gran. Li tèrib anpil! Se kilès ki ka sipòte li?


Solèy la va vin tou nwa, e lalin nan tankou san devan gwo jou tèrib SENYÈ a.


Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an! Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.


Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a! Pouki sa nou lanvi we jou SENYÈ a? Li va yon jou tenèb olye limyè.


Gade byen, yon jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou.


Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati.


Rele anmwey, paske jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an.


Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo.


Kriye fò e rele anmwey, fis a lòm; paske li kont pèp Mwen an, li kont tout prens Israël yo. Yo vin livre a nepe a avèk pèp Mwen an. Akoz sa, frape kwis ou.


Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite