Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Rele fò tankou yon vyèj ki abiye ak twal sak pou fiyanse jenès li ki mouri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Nou menm pèp la, nou mèt plenn, Tankou yon jenn fi, rad dèy li sou li K'ap plenn lanmòfiyanse li.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 1:8
13 Referans Kwoze  

ki kite konpanyen jenès li a, e ki bliye akò a Bondye li;


Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo.


Tranble, fanm alèz yo; twouble, nou menm ki san pridans! Retire rad nou, dezabiye nou e mete twal sak nan senti nou.


Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?


Chemen Sion yo ap fè dèy; pèsòn pa rive nan fèt li yo. Tout pòtay li yo vin dezole. Prèt li yo ap plenn nan gòj, vyèj li yo vin aflije, e li menm, li vin anmè.


Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun, ak tèt chòv sou tout tèt. Mwen va fè li tankou yon moman dèy pou yon sèl fis inik, e lafen li tankou yon jou anmè.


Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.


Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite