Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te fè chan rezen mwen an vin yon kote gate. Li te rache pye fig mwen an. Li fin rache li nèt nèt, e jete li. Branch yo te vin blanch.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Yo fini ak jaden rezen nou yo. Yo manje tout pye fig frans nou yo. Yo wete tout kòs pye fig frans yo voye jete atè. Branch pye rezen yo rete kanpe tou blan.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 1:7
12 Referans Kwoze  

Li te frape fè desann tout chan fwi yo e te kraze fann pyebwa nan teritwa yo.


Krikèt yo te vini sou tout latè an Égypte. Yo te vin rete nan tout teritwa Égypte la; yo te debòde l nèt. Pa t janm genyen fòs kantite krikèt egal a sa a, ni p ap janm genyen ankò.


Paske yo te kouvri sifas tout tè a, jiskaske latè te vin tounwa, epi yo te manje chak plant peyi a ak tout fwi nan bwa ke lagrèl te kite yo. Konsa, anyen vèt pa t rete nan bwa yo ni plant chan yo nan tout peyi Égypte la.


Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent.


Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo, pou chan ki plen ak fwi rezen yo.


Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.


“‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a. P ap gen rezen sou chan rezen an, ni fig sou pye figye etranje a. Fèy yo va fennen, epi sa ke M te bay yo va disparèt.’”


Mwen va detwi pye rezen li yo ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di: ‘Sa yo se salè mwen, ke moun ki renmen m yo te ban mwen.’ Mwen va fè yo tounen yon rakbwa, e bèt chan va devore yo.


Pye rezen an vin sèch, e pye fig la vin pa donnen. Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan; menm tout pyebwa nan chan an fin cheche. Anverite Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo.


Mwen te frape nou ak van cho, ak lakanni; epi cheni te devore jaden ak chan rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


Menmsi pye fig la pa ta fleri, ni pa gen fwi sou branch rezen yo, menmsi donn oliv la vin sispann, e chan yo pa pwodwi manje, menmsi bann mouton an ta koupe separe de pak la, e pa gen bèf nan pak la,


Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite