Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Sa ke ti krikèt la te kite, gwo krikèt la fin manje. Sa ke gwo krikèt la te kite, ti cheni an te manje. Sa ke ti cheni an te kite, gwo cheni an te manje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 1:4
19 Referans Kwoze  

“Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi,


“Si gen gwo grangou nan peyi a, si se gwo maladi, si gen gwo dega jaden ak bèt, oswa kanni, si gen krikèt oswa bèt volan, si lènmi yo fè syèj a yo menm nan teren vil yo, nenpòt toumant, nenpòt maladi,


“Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an,


Li te pale e krikèt volan yo te vini. Ak jenn krikèt san kontwòl.


Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a, ak pwodwi travay yo a krikèt la.


“‘Oswa, si ou refize kite pèp Mwen an ale, gade byen, demen Mwen va mennen krikèt nan teritwa pa w la.


Yo va kouvri tout sifas latè pou pèsòn pa kab wè tè a. Yo va anplis manje rès nan sa ki te chape yo—sa ki te rete pou ou aprè lagrèl la—e yo va manje chak bwa ki vin boujonnen pou ou nan chan an.


Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase. Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.


SENYÈ dèzame yo te sèmante pa kont Li. Li te di: ‘Anverite, mwen va plen nou ak moun kon yon gwo foul krikèt volan e yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’


“Leve yon sinyal nan peyi a, soufle yon twonpèt pami nasyon yo! Konsakre nasyon yo kont li! Rele kont li wayòm Ararat, Minni ak Aschkenaz yo! Chwazi yon gwo chèf kont li; leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.


Konsa, Mwen va restore bannou pou ane ke gwo krikèt te manje yo, ak ti krikèt la ki kouri a tè a, ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou, gwo lame ke Mwen menm te voye pami nou.


Mwen te frape nou ak van cho, ak lakanni; epi cheni te devore jaden ak chan rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la.


Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo.


“Nou va pote anpil semans nan chan yo, men nou va ranmase piti, paske krikèt yo va manje yo.


“Krikèt va posede tout bwa ak pwodwi latè nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite