Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jonas 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Leve ale Ninive, gwo vil la e pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 li di l konsa: — Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesay mwen te ba ou pou yo a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 “Leve, ale Niniv, gran vil la, epi bay mesaj mwen ba ou a.”

Gade chapit la Kopi




Jonas 3:2
13 Referans Kwoze  

Men ou va pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye.


“Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo.


“Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”


Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”


Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.


Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l.


“Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen.


Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di:


Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.


pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon pou tan jèn avèk lamantasyon yo.


Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite