Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jòb 9:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Si yon moun te vle diskite avèk Li, li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l venmil kèsyon, li p'ap ka reponn yonn menm.

Gade chapit la Kopi




Jòb 9:3
18 Referans Kwoze  

Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen! Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.


Se kilès ki va diskite kont mwen? Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.


Poukisa ou plenyen kont Li ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?


Paske Li pa bezwen obsève yon nonm anpil pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.


“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”


Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l; menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”


Kijan mwen kab reponn Li, e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?


Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m; malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.


Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.


Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.


Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa?


Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou.


si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite