Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jòb 7:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè. Po m vin di e li koule pij.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Tout kò m plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m fann fann, l'ap bay postim.

Gade chapit la Kopi




Jòb 7:5
15 Referans Kwoze  

pandan mwen ap dekonpoze kon yon bagay k ap pouri, kon yon vètman ki manje pa mit.”


Si mwen kriye a fòs tonbo a: ‘Se ou ki papa m’; epi a vè a: “Ou se manman m ak sè m’;


Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m, e tout nanm mwen tankou lonbraj.


Zo m yo kole sou po m ak chè m; se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.


Menm lè po m fin detwi, malgre chè m fin sòti, mwen va wè Bondye nan chè a;


Vant manman an va bliye li. Vè va manje li byen dous, jiskaske moun pa sonje l ankò. Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.


malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la, e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.


Depi nan pla pye jis rive nan tèt, nanpwen anyen ak sante ladann, sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese. Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.


Tout gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.”


“Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”


La, nou va sonje chemen nou yo ak tout zèv yo avèk sila nou te souye tèt nou yo. Epi nou va rayi pwòp tèt nou nan pwòp zye nou pou tout bagay mal ke nou te fè yo.


Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite